KAY NOU, AVNI NOU: Bati Pouvwa Pou Genyen Kontwòl Lwaye Pou Kominote Ki Solid

Overview

Yon ekip òganizatè lokatè,defansè piblik, avoka ak moun k’ap fè rechèch ekri rapò sa, pou li ka sèvi de zouti pou tout gwoup òganizatè oswa defansè k’ap kòmanse—oubyen kontinye—fè kanpay pou kontròl lwaye. Li afime sa mouvman jistis pou lojman t’ap diskite depi plizyè dizèn ane: depandans sou mache prive - pi enpotan ankò, dereglemantasyon - pap rezoud bezwen pou kay bon mache, ni li pap ranplase pèt rapid lwaye a ba pri. Anplis de sa, li ofri enfòmasyon solid, gid pou konsèy politik, panse estratejik, aprantisaj sou teren pou sipote kanpay k’ap cheche kreye wout pou bati pouvwa sou kontrol lwaye ak plis ankò.